Une question ?
Message envoyé. Fermer

Prepare w pou w anbake nan yon vwayaj kote w kapab rantre nan pwofondè pratik ansyen yo, nou rele Vodou?

  • INIVA – Inivèsite Vodou ayisyen an – ak fyète, ap prezante Etid Vodou Ayisyen“, yon ansèyman,  konplè ki pral transpòte w nan domèn espirityèl, mistik, istorik ak pratik pou kapab pwofonde nan Vodou Ayisyen an, ak debloke sekrè enigmatik li yo, klarifye konsèp ki mete w nan konfizyon pou mal konprann yo.

“Etid Vodou Ayisyen” yo, garanti pou ranfòse idantite w ak lidèchip pèsonèl ou, nan yon kontèks Vodou Ayisyen 

Apre ansèyman an wap fini genyen plis konfyans, plis motivasyon, plis pouvwa pou kontinye apre ansèyman yo wap kapab pote plis kontribisyon nan kominote la. E se sa kap VINI YOUN nan PLAN LAVI w !

Pèsepsyon w ap vini chanje, lap elaji, wap vini santi nesesite pou w pataje nouvo vizyon w sou Vodou Ayisyen an ak kominote ki antoure w.

Soti nan ritm yo, pase pa dans sakre yo, seremoni sakre yo, ou pral jwenn yon konpreyansyon entim sou tradisyon espirityèl rich sa a, ki anrasinen nan nanm pèp ayisyen an. 

Kit ou se yon entelektyèl aspiran, yon atis k ap chèche enspirasyon, oswa tou senpleman yon moun ki vle konnen plis sou Vodou Ayisyen an, “Etid Vodou Ayisyen” se yon ansèyman ki amonize w ak kilti w.

Ouvèti Etid la ap koumanse sou entènèt la, anba platfòm edikatif INIVA a, jou 21 oktòb 2023 (21-10-2023)
Etid la ap dire 52 semèn. Lap koute pri lansman INIVA a. $400.00. 
 
Pou moun ki ta renmen resevwa yon èd patisipasyon (yon bous), INIVA genyen alyans ak òganizasyon “Kreyol Solutions”, ki vle parene Etid yo pou 10 etidyan. Nan fòmilè enskripsyon Ansèyman INIVA a, genyen 2 kestyon pou w ka reponn pou ka elijib a yon bous “Kreyol Solutions”. 
 
Kestyon 1 – Pouki sa w vle pran ansèyman “Etid Vodou Ayisyen” a . Ki sa ki motive w – Ki objektif  ou ?
Kestyon 2 – Apre 52 semèn ansèyman “Etid Vodou Ayisyen” ki jan w konte aplike ansèyman ak tout konesans ke w
akeri yo, nan kominote w ?
 
Pandan 6 premye semèn yo, “Etid Vodou Ayisyen” a, ak mete Legba Gran Chemin deyò pou louvri lespri tout patisipan,
  1. bayo yon fòmasyon Espirityèl Inivèsèl kap pèmèt tout aspiran etidyan konpran n ak konnen ki moum ou ye, kote w sòti, ak pouki sa ou deside tounen ouswa vini pou la premye fwa sou latè. 
  2. – Wap aprann konnen pirifye w nan tout sikonstans
  3. – Wap apran tabli yon kominiksasyon youn ak youn ak Lwa Nesans ou.
Apre 6 Semèn yo, nap koumanse ak yon entwodiksyon sou Vodou Ayisyen an, Nap pale de Mitoloji ak rityèl Vodou Ayisyen yo.
Etid sou Vodou Ayisyen an genyen plizyè nivo ansèyman 
 

Kourikoulòm Etid Vodou Ayisyen an

Ansèyman Jeneral sou Vodou Ayisyen an :
 
1. Orijin li, istwa l nan peyi Dayiti.
2. Mitoloji Vodou Ayisyen 
3. Entwodiksyon sou Rityèl Vodou Ayisyen
4. Entwodiksyon sou Misik ak Dans ki genyen nan Vodou Ayisyen an
 
Ansèyman nivo Entèmedyè:
 
1. Téoloji Vodou Ayisyen an ki se etid ak entèpretasyon kwayan ki genyen nan Vodou a, doktrin ak pratik yo. 
2. Aprann sa yo rele Wanga nou Vodou a, pase pa yon aprantisaj pratik
3. Ansèyman sou Divinisayon an Vodou Ayisyen an. Aprann konnen sak ki Lwa a. Apran konnen diferans ki genyen antre Lwa ak Gad.
4. Apran idantifye rityèl yo, kisa yon dans seremoni ak kisa ki yon dans rejwisans.
5. Konpran n rityèl lakou mistik yo, espas mistik yo.
6. Tretman nan Vodou Ayisyen – Apran fè senp, apran n bòne lakay ou, apran plase enèji w pou w dominen.
7. Apran n konpran n Ekspedisyon ak apran konnen fè ranvwa.
 
Ansèyman nivo avanse:
 
1. Ansèyman apwofrondi sou Rityèl yo, Grad ki genyen nan diferan rit Vodou Ayisyen a.
2. Filozofi Vodou – Vodou Ayisyen ak politik.
3. Alyans Pou Devlopman nan Vodou Ayisyen a. Diaspora Ayisyen a ak Vodou
4. Vodou Ayisyen ak Vodoun Afriken
5. Vodou Ayisyen ak feminis.
6. Vodou Ayisyen Elevasyon Nasyonal
7. Vodou Ayisyen Ekonomi Nasyonal. (Plis pase 1 milyon dola vèt depanse chak lane pandan sezon chanpèt yo.) 
 
Vodou a rich – annou aprann libere richès li yo.
 
 
PS. Se yon sèl ansèyman ke nou genyen rive jodiya. Se “Etid Vodou Ayisyen” an,
Tout lòt ansèyman ke nou poste sou sit la, tout fè pati de “Etid Vodou Ayisyen” an.
Nou regwoupe tout etid la, sou yon gren Ansèyman pou nou te ka rann etid la pli aksesib
a yon pli gran mas moun. Si wap pran chak ansèyman yo pou kont yo, la p koute w 3 fwa pli chè.
Men nou bay opòtinite pran yon ansèyman patikilye, tankou Ansèyman Espirityèl Inivèsèl.
e

Ansèyman

Layer 1
Connexion Catégories